fbpx
You're using an unsupported browser. This site may not look optimal.

North Miami se youn nan kote ki sibi plis inondasyon nan Miami-Dade County. Van Alen Institute, nan kolaborasyon ak vil North Miami, lanse yon konkou plan desen achitèk pou wè ki lòt jan piblik la ka itilize teren vid ki toujou ap inonde yo, teren yo rele pwopriyete ki inonde souvan yo (RL). Konkou sa a bay tèt li kòm objektif pou desinen plan plas piblik ki fè moun pran konsyans de poblèm klima a, epi mete aktivite nan espas komen moun pa twò itilize, epi tou redui pri asirans inondasyon. Pou mennen aktivite sa yo, vil la chwazi yon ekip entèdisiplinè pou devlope yon plan jeneral ak yon pwojè pilòt sou youn nan pwopriyete ki inonde souvan nan North Miami yo.

N ap eseye kèk solisyon nan nivo lokal, men se yon poblèm nasyonal ki ijan: pwopriyete ki inonde souvan yo koute Pogram Nasyonal Asirans Kont Inondasyon an anpil lajan, apeprè $200,000,000 chak ane. Nan nivo nasyonal, pwopriyete ki inonde souvan yo ka reprezante 25 a 30% nan demann dedomajman asirans kont inondasyon. Van Alen ak Vil North Miami ap idantifye kèk estrateji pou fè fas ak poblèm sosyal epi ak poblèm finansye pwopriyete ki inonde souvan yo lakòz, nan espwa lòt vil yo va benefisye nan sa nou aprann yo.

KONPAYI KI GENYEN AN

Nan twa ekip yo, nou chwazi Department Design Office kòm konpayi ki genyen konkou a poutèt jan plan desen yo a modèn. Plan sa a chache retabli vejetasyon lokal epi fè dlo vin pi vizib nan kominote a. Depatman Design Office pral resevwa $ 80,000 pou yo devlope epi pou yo reyalize plan desen yo a nan sit pilòt la epi kreye yon plan jeneral pou lòt pwopriyete leta ki inonde souvan nan North Miami.

Seremoni inogirasyon pou pwojè pilòt la pral fèt nan kòmansman desanm 2019. Van Alen pral kolabore ak Urban Impact Lab, yon òganizasyon ki fè konsepsyon plas piblik nan Miami, epi ak moun ki gen enterè nan kominote a pou yo asire plan desen an pral vrèman satisfè bezwen ak okipasyon kominote North Miami.

Konsènan pwojè yo a, Department Design Office deklare: “Anpil nan teren vid sa yo, espesyalman sit pilòt la, chita nan zòn rezidansyèl yo, poutèt sa yo kab itil moun nan zòn nan anpil – yo ka bon pou zòn nan. Olye anplasman sa yo rete vid, anpil nan yo ka ogmante kapasite zòn nan pou l kenbe dlo lapli epi diminye inondasyon lokal lè teren sa yo fonksyone tankou basen- kontrèman ak lòt fòm enfrastrikti pou jere dlo lapli anpil fwa ki al anba tè. Sepandan, sit sa yo ofri posiblite pou moun wè itilite yo pandan y ap prezante bèl ekoloji Sid Florid la genyen. Nou anvizaje sit pilòt sa a, ak lòt sit kap vini yo, kòm yon premye pa nan chanjman anviwònmantal kap sansibilize piblik la, diminye risk nan nivo lokal, epi kreye yon espas rasanbleman pou kominote a.”

FINALIS YO

Ekip finalis yo te resevwa $5,000 e yo te vwayaje vin nan North Miami pou pran pa nan mobilizasyon moun ki gen enterè nan kominote a, nan vizit anplasman yo, epi nan yon echanj ide rapid. Yo te mande ekip yo pou kreye yon plan desen kòm echantiyon pou sit ki konn abitye inonde a kote yo ta pral sèvi pou fè pwojè pilòt la, pwopriyete ki nan 901 NE 144th Street nan Distri 3 nan North Miami.

Ekip Office ParkScheerbarth la te fè pwopozisyon sa a: “Pwopozisyon sa a evite tandans pou prezante yon plan byen detèmine, yon plan fiks, olye yo prezante yon plan ki fleksib, yon plan moun nan zòn nan mete sou pye ki pèmèt espas la evolye, ki pèmèt yo fèmen espas la si posib, epi ki pèmèt yo refè espas la selon sa zòn nan bezwen pi devan.”

Sa ki ekri anba foto a: Vejetasyon lokal ak yon jaden ki konsève dlo ki ankadre sit la epi ki sèvi pou jere dlo lapli. Yon pòt antre senbolik ak kèk pyès mèb kab ankouraje moun nan kominote a planifye kèk aktivite. Yon seri plan desen achitèk ki sèvi kòm eleman pou konekte tout rezo anplasman ki inonde souvan yo/ koutwazi Office Park Scheerbarth.

Resolve fè pwopozisyon sa a: “Apre nou fin etabli posesis nou pral suiv la ak enfòmasyon nou pran nan men moun ki ret nan zòn nan, nou deside kreye yon gwo plas piblik ki fleksib, ki gen yon anviwònman k ap met aksan sou sistèm natirèl la ak vejetasyon lokal la. An menm tan tou, plas sa a kab sèvi pou fè aktivite ki pa pograme epi retni maksimòm dlo lè lapli tonbe.”

Konsènan jiri a

Jiri a, ap gen lidè lokal ak lidè nasyonal sou koze chanjman klimatik, sou preparasyon plan, sou patisipasyon kominotè ladan tou. Jiri a ap jwe yon gran wòl nan chwa finalis yo, epi nan chwa ekip ki genyen yo epi jiri a ap ede ekip sa yo fòme konsèp yo genyen yo tou.

Marta Viciedo, Patenè Fondatè epi Direktè Estrateji nan, Urban Impact Lab
Jeremy Alain Siegel, Asosye, BIG
Jessica Lax, Direktè Inisyativ Estratejik, Van Alen Institute
Germane Barnes, Direktè, Studio Barnes
Jayantha Obeysekera, Direktè epi Chèchè, Sea Level Rise Solution Center, Florida International University
Jennifer Bolstad, Achitèk gadinaj Prensipal, Local Office Landscape Architecture and Urban Design
Debbie Love, AICP, Manm planifikasyon nan Vil la, City of North Miami
Akin Ozaydin, P.E., Enjenyè vil la, City of North Miami

Patisipasyon Kominotè

Sa enpòtan pou popilasyon an pran pa nan preparasyon desen plan yo. Ekip yo seleksyone sou baz demann ki fèt yo va travay Ak Enstiti Van Alen, ak kolaboratè nou Urban Impact Lab, epi ak pati prenant lokal yo, pou nou kab sèten plan yo fè pou espas piblik sa a, ap satisfè bezwen ak volonte kominote North Miami an.

Popilasyon an: tanpri ranpli sondaj sa a pou w fè nou konnen ki sa ou ta renmen wè nan zòn ou an!

Ekip k ap travay ak popilasyon an sou Pwojè sa a se yon ekip ki konn zòn nan byen epi ki konn moun nan zòn nan byen. Yo bay manm ekip la yon pèdiyèm pou yo ede planifye, pou yo ede fasilite, epi pou yo ede pomouvwa aktivite ki ankouraje patisipasyon moun nan zòn nan preparasyon plan desen pou pwojè a. Men moun ki manm yo kounye a:

Laura Hill, Aktivis pou Anviwònman an
Jamil Pierre, Enjenyè Sivil,
Howard Tonkin, Mèt Biznis, Urban Impact Lab